top of page

Mesaj ofisyèl prezidant antran 2025-2026 Rotaract Club de Jacmel Justin Felicienne

  • Photo du rédacteur: Equipe de communication
    Equipe de communication
  • 2 juil. 2025
  • 1 min de lecture

Dernière mise à jour : 5 nov. 2025



Félicienne Justin- 01 jiyè 2025
Félicienne Justin- 01 jiyè 2025

Chè fanmi Rotaraksyen, èn!

Se ak anpil respè, lanmou ak rekonesans mwen resevwa responsabilite pou mwen sèvi kòm Prezidant Rotaract Club de Jacmel pou lane Rotaraksyèn 2025–2026. 

Mèsi pou konfyans nou! Mèsi paske nou chwazi mete avni klèb la nan men mwen ak rès ekip la.


Jodi  premye Jiyè 2025 sa a nou pa sèlman ouvè yon nouvo ane, men nou louvri pòt yon nouvo opòtinite pou ini fòs nou pou fè byen. Tèm ane  sa a, "NeXus", se pa senpleman yon slogan. Se yon apèl! Yon apèl solidarite aksyon kolektif ak angajman pou mete kè nou ansanm pou nou kontinye sèvi ak nanm.


M ap konte sou chak grenn nan nou pou nou rete soude kòm fanmi men tou pou fè RCJ kontinye grandi, briye , ak enspire plis toujou.

Mwen salye ak respè travay ekip 2024–2025 la anba lidèchip Darlou Alexandre. Travay nou pa pral efase, li se fondasyon vizyon nou pou 2025-2026


Ann mete enèji nou ansanm. Ann mete inite nou an aksyon. Paske lè nou ini, pa gen limit ak sa nou kapab reyalize pou kominote nou!


RCJ M pap fèl pou kont mwen, nap fèl ansanm!

Bòn ane Rotaraksyèn!



 Prezidan 2025-2026


 
 
 

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note

Abonnez-vous à notre newsletter

Suivez nous sur

  • Facebook
  • Instagram
  • X
  • TikTok
  • LinkedIn

Pour des projets ou une
collaboration

Contact

rotaractjacmel3@gmail.com
(+509)‭3761 6850/‬ 4129 4765

Adresse

Horaire de
réunions

1e et 3e dimanche  

​​4h00 pm- 6h:30 pm ​

École Vie de France(3è batiment)

bottom of page